Delivre m anba lènmi m yo
35
Yon sòm David.
Letènèl,
defann mwen kont advèsè m yo.
Konbat moun k ap konbat mwen yo.
2 Pran ti boukliye a ak gwo boukliye a,
Epi leve pou vin pote m sekou.
3 Rale lans ou ak fwond ou kont moun k ap pèsekite m yo.
Di nanm mwen:
«Mwen se delivrans ou.»
4 Moun ki vle retire lavi m,
se pou yo wont,
se pou yo sezi,
Moun k ap fè plan pou m pèdi,
se pou yo fè bak,
se pou yo regrèt,
5 Se pou yo tankou pay van ap pote ale.
Se pou zanj Letènèl la chase yo.
6 Se pou chemen yo vin tou nwa,
epi se pou l glise.
Se pou zanj Letènèl la pousuiv yo.
7 Paske,
yo tann pyèj sou yon twou pou mwen san rezon.
Yo fouye twou a pou retire lavi m san rezon.
8 Se pou dezas tonbe sou yo sanzatann.
Se pou yo pran nan pyèj yo te tann nan.
Se pou yo tonbe ladan pou yo peri.
9 Nanm mwen ap rejwi nan Letènèl.
Nanm mwen ap kontan anpil nan delivrans li.
10 Tout zo m yo di:
Letènèl,
ki moun ki ka delivre yon malere
Anba moun ki pi fò pase l menm jan avè w,
Malere ak pòv yo anba moun k ap devalize yo?
11 Kèk fo temwen leve,
Yo poze m kesyon sou sa mwen pa konnen.
12 Yo rann mwen lemal pou lebyen.
Nanm mwen abandone.
13 E mwen menm,
lè yo te malad,
mwen te mete rad sak sou mwen.
Mwen te imilye m nan fè jèn.
Mwen t ap priye ak tèt mwen bese sou lestomak mwen.
14 Tankou m te ka fè l pou yon zanmi,
yon frè,
mwen t ap mache trennen.
Tankou yon moun ki pèdi manman l,
mwen koube nan tristès.
15 Lè m bite,
yo kontan epi yo reyini.
Yo reyini san m pa konnen pou yo kraze m.
Y ap devore do m san pran souf.
16 Yo graje dan yo kont mwen
Tankou payen mokè k ap fete.
17 Senyè,
jis kilè ou ap wè?
Pwoteje nanm mwen kont pyèj yo,
Pwoteje lavi m anba jèn lyon sa yo.
18 M ap louwe ou nan gran asanble a.
M ap selebre ou nan mitan yon pèp ki anpil.
19 Pa kite moun ki rayi m san rezon yo rejwi sou do m.
Pa kite moun ki rayi m san rezon yo koupe m kout je.
20 Paske,
yo pa pale pawòl lapè.
Yo medite pawòl trayizon kont moun trankil nan peyi a.
21 Yo louvri bouch yo kont mwen,
Yo di:
Aa!
Aa!
Je nou ap gade!
22 Letènèl,
ou wè sa.
Pa rete an silans.
Senyè,
pa rete lwen mwen.
23 Reveye w,
reveye w pou fè m jistis!
Bondye mwen,
Senyè mwen,
defann kòz mwen!
24 Jije m daprè jistis ou,
Letènèl,
Bondye mwen!
Pa kite yo rejwi sou do m!
25 Pa kite yo di nan kè yo:
A!
Men sa nou te vle a!
Pa kite yo di:
Nou vale l.
26 Se pou yo tout wont ansanm,
pou yo sezi,
Tout moun k ap rejwi nan malè m.
Se pou imilyasyon ak wont abiye yo,
Moun ki leve kont mwen yo.
27 Moun ki pran plezi nan inosans mwen,
Se pou yo rejwi ak kè kontan.
Se pou yo di san rete:
Se pou Letènèl egzalte,
Li menm ki vle bonè sèvitè li.
28 Epi lang mwen va selebre jistis ou.
L ap fè lwanj ou chak jou.