Letènèl delivre m
34
Yon sòm David.
Lè li te pretann li fou devan Abimelèk ki te kouri dèyè li pou l ale.
2 M ap beni Letènèl tout tan.
Lwanj li ap toujou nan bouch mwen.
3 Se pou nanm mwen vante tèt li nan Letènèl.
Se pou malere yo tande,
pou yo fè kè yo kontan.
4 Egzalte Letènèl avèk mwen.
Se pou nou tout ansanm leve non l byen wo.
 
5 Mwen te chèche Letènèl,
li te reponn mwen.
Li te delivre m anba tout laperèz mwen yo.
6 Lè yon moun gade Letènèl,
li briye,
Epi figi l p ap kouvri ak lawont.
7 Lè yon malere kriye,
Letènèl tande,
Epi li sove l nan tout detrès li yo.
 
8 Zanj Letènèl la kanpe toutotou moun ki gen krentif pou Letènèl
Pou li rache yo nan danje.
9 Goute pou nou wè jan Letènèl bon.
Benediksyon pou moun ki chèche refij nan li!
10 Gen krentif pou Letènèl,
nou menm moun li yo ki sen.
Paske,
moun ki gen krentif pou li yo pa manke anyen.
11 Ti lyon yo konnen dizèt ak grangou,
Men,
moun ki chèche Letènèl pa manke okenn bon bagay.
 
12 Vini,
pitit mwen yo,
tande m!
M ap montre nou pou nou gen krentif pou Letènèl.
13 Ki moun ki dezire lavi,
Ki ta renmen anpil jou pou l ka wè bonè?
14 Prezève lang ou kont sa ki mal.
Prezève bouch ou kont riz.
15 Evite sa ki mal,
fè sa ki byen.
Chèche lapè,
epi pousuiv li.
 
16 Paske,
je Letènèl sou moun ki jis yo,
Epi zòrèy li koute kri yo.
17 Men,
Letènèl detounen figi l kont moun k ap fè mal yo,
Pou l fè moun bliye yo sou latè.
18 Lè jis yo kriye,
Letènèl tande.
Epi li delivre yo nan tout detrès.
19 Letènèl toupre moun kè yo dekouraje.
Li sove moun ki kraze nan lespri yo.
20 Malè frape jis la souvan.
Men,
Letènèl toujou delivre l.
21 Li gade tout zo li yo,
Youn pa kase.
22 Malè tiye mechan,
Epi moun ki rayi jis la jwenn chatiman.
23 Letènèl delivre nanm sèvitè l yo,
Epi tout moun ki chèche refij nan Letènèl chape anba chatiman.