Louwe Letènèl, kreyatè a ak sovè a
33
Nou menm ki jis,
rejwi anpil nan Letènèl,
Li bon pou moun ki dwat fè lwanj.
2 Selebre Letènèl ak hap.
Selebre li ak gita dis kòd la.
3 Chante yon kantik nouvo pou li.
Fè enstriman mizik ak vwa nou sonnen.
4 Paske,
pawòl Letènèl dwat.
Li fè tout zèv li yo ak fidelite.
5 Letènèl renmen jistis ak ladwati.
Bonte Letènèl ranpli latè.
6 Se pawòl Letènèl ki te fè syèl la.
Se souf bouch li ki te fè tout sa ki nan syèl la.
7 Li sanble dlo lanmè yon sèl kote.
Li mete abim yo nan rezèvwa.
 
8 Se pou tout latè gen krentif pou Letènèl.
Se pou tout moun ki abite nan monn lan tranble devan l.
9 Paske,
li pale,
epi bagay la rive.
Li bay lòd,
epi bagay la egziste.
10 Letènèl detounen plan nasyon yo.
Li antrave pwojè pèp yo.
11 Plan Letènèl yo ap rete pou tout tan.
Pwojè ki nan kè li ap rete jenerasyon apre jenerasyon.
12 Benediksyon pou yon nasyon ki gen Letènèl pou Bondye li!
Benediksyon pou pèp Letènèl chwazi pou eritaj li!
 
13 Letènèl gade anba,
depi kote l ye nan syèl la,
Li wè tout pitit lèzòm yo.
14 Depi kote l rete a,
Li obsève tout moun ki abite sou latè,
15 Li menm ki fòme kè tout moun,
Li menm k ap veye tout aksyon yo.
16 Se pa yon gwo lame ki sove wa a.
Se pa gwo fòs ki ka delivre yon vanyan gason.
17 Pa pretann yon cheval ka sove.
Tout fòs li genyen pa ka delivre.
 
18 Gade!
Je Letènèl sou moun ki gen krentif pou li,
Sou moun ki mete espwa yo nan bonte li,
19 Pou rache nanm yo anba lanmò,
Epi pou l ka fè yo viv lè gen grangou.
20 Nou mete espwa nou nan Letènèl.
Li se sekou nou,
li se boukliye nou.
21 Paske,
kè nou kontan nan li,
Nou gen konfyans nan non li ki sen.
22 Letènèl,
se pou bonte ou rete sou nou,
Pandan n ap mete espwa nou nan ou.