Bonè ki genyen nan padon
32
Yon sòm David.
Yon kantik.
Ala beni yon nonm beni,
lè Bondye padone rebelyon li,
Lè Bondye kouvri peche l!
2 Ala beni yon nonm beni,
lè Letènèl pa konsidere peche li ditou,
Moun ki pa gen riz nan lespri yo!
3 Tank mwen te rete nan silans mwen,
zo m t ap depafini,
Mwen t ap jemi tout lajounen.
4 Paske,
lannuit kou lajounen,
men ou t ap vin pi lou sou mwen.
Je m devni tankou sechrès nan sezon chalè.
– Poze!
5 Mwen te devwale w peche m,
mwen pa t kache inikite m.
Mwen te di:
M ap konfese fot mwen bay Letènèl;
Epi ou menm,
ou te efase inikite peche mwen.
– Poze!
6 Se konsa pou tout moun ki fidèl priye ou,
nan tan pou yo jwenn ou.
Se sèten,
si gwo dlo yo debòde,
yo p ap rive pran l.
7 Ou se yon refij mwen,
ou prezève m nan detrès.
Ou antoure m ak chan delivrans.
– Poze!
8 M ap enstui ou.
M ap montre ou chemen pou ou swiv la.
M ap ba ou konsèy,
m ap voye je sou ou.
9 Pinga ou tankou yon cheval osinon yon milèt ki san konprann.
Yo bride yo ak yon bosal epi yon mò pou yo donte yo,
Pou yo pa pwoche pre ou.
10 Gen anpil doulè k ap tann mechan yo.
Men,
moun ki mete konfyans yo nan Letènèl antoure ak gras li.
11 Fè kè nou kontan nan Letènèl,
nou menm ki jis,
rejwi anpil.
Chante ak jwa,
nou tout ki gen kè nou dwat.