Letènèl se woche mwen, li se fòtrès mwen
31
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Letènèl,
se nan ou m ap chèche refij.
Pa janm kite m wont.
Delivre m nan jistis ou.
3 Panche zòrèy ou bò kote m.
Prese vin pote m sekou.
Se pou w devni woche k ap pwoteje m,
Yon fòtrès,
kote m jwenn delivrans.
4 Paske,
ou se woche mwen,
fòtrès mwen.
Poutèt non ou,
ou ap gide m,
ou ap dirije m.
5 Ou ap fè m soti nan pèlen yo tann pou mwen an;
Paske,
se ou k ap pwoteje mwen.
6 Mwen remèt lespri mwen nan men ou.
Letènèl,
ou ap delivre m,
ou menm Bondye verite a.
 
7 Mwen rayi moun ki atache yo ak zidòl ki pa vo anyen.
Men,
mwen konfye m nan Letènèl.
8 M ap rejwi anpil,
m ap kontan nan gras ou.
Paske,
ou wè mizè mwen,
ou konnen detrès ki nan kè mwen.
9 Epi ou p ap lage m nan men lènmi m yo.
Ou ap fè m mete pye m kote ki laj.
 
10 Letènèl,
fè m gras,
paske,
mwen nan detrès.
Figi m,
nanm mwen ak kò m fin depafini anba lapenn.
11 Lavi m ap fini anba doulè.
Ane m yo ap fini afòs m ap plenn.
Fòs mwen ap bese akòz inikite m yo.
Zo m ap depafini.
12 Mwen se yon wont akòz tout advèsè m yo,
Yon gwo wont pou vwazen m yo,
yon bagay ki bay laperèz pou moun ki konnen m.
Moun ki wè m nan lari kouri lwen m.
13 Moun bliye m nan lespri yo,
tankou yon moun ki mouri.
Mwen tankou yon veso kraze.
14 Mwen tande move pawòl anpil moun,
Laperèz ki nan alantou a,
Lè yo reyini ansanm sou do m,
Pou yo fè plan pou pran lavi m.
 
15 Men,
Letènèl,
se nan ou mwen mete konfyans mwen.
Mwen di:
Ou se Bondye mwen.
16 Destine m,
se nan men w li ye.
Delivre m anba lènmi m yo,
epi anba moun k ap pèsekite m yo.
17 Fè limyè fas ou klere sou sèvitè w.
Sove m nan gras ou.
18 Letènèl,
pa kite m wont,
lè m rele ou.
Se pou mechan yo wont.
Se pou yo rete an silans nan peyi-mò.
19 Se pou bouch moun k ap bay manti yo rete fèmen,
Bouch moun k ap pale kont jis la avèk ògèy,
Avèk awogans,
epi mepri.
 
20 Ala gran bonte ou gran,
Bonte ou rezève pou moun ki gen krentif pou ou yo,
Bonte ou montre moun ki chèche refij yo nan ou,
devan je pitit lèzòm yo!
21 Ou kache yo nan sekrè prezans ou
Kont moun k ap pèsekite yo;
Ou kache yo nan tant ou kont lang moun k ap atake yo.
22 Beniswa Letènèl!
Paske,
li montre m siy gras li
Nan yon vil ki gen ranpa.
23 Mwen menm,
mwen te kouri di:
Yo voye m jete lwen je ou.
Epoutan,
ou tande bri plent mwen yo,
lè m kriye ba ou.
 
24 Se pou nou renmen Letènèl,
nou menm fidèl li yo.
Letènèl pwoteje fidèl li yo.
Men,
li pini byen rèd moun k ap aji ak awogans.
25 Pran kouraj,
fè kè nou fèm,
Nou tout ki mete espwa nou nan Letènèl.