Letènèl leve m ankò
30
Sòm.
Yon kantik pou konsekrasyon kay la.
Yon sòm David.
2 Letènèl,
mwen egzalte ou,
paske ou rale m monte.
Ou pa t pèmèt lènmi m yo rejwi sou do m.
3 Letènèl,
Bondye mwen!
Mwen kriye ba ou,
epi ou geri mwen.
4 Letènèl,
ou rale nanm mwen soti nan peyi-mò.
Ou fè m reviv lwen moun ki desann nan twou.
5 Chante pou Letènèl,
nou menm fidèl li yo.
Selebre non li ki sen.
6 Paske,
kòlè l dire pou yon ti tan;
Men,
bonte li dire tout lavi.
Leswa,
kriye vini,
Nan maten se kè kontan.
 
7 Pou jan mwen te an sekirite,
mwen te di:
Mwen p ap janm bite!
8 Letènèl,
nan bonte ou,
ou fè montay mwen an vin fèm.
Ou kache fas ou,
epi mwen twouble.
9 Letènèl,
mwen kriye ba ou.
Mwen soupriye Senyè a.
10 Kisa ou ap jwenn,
lè ou vèse san mwen,
Lè ou fè m desann nan tonbo?
Èske pousyè fè lwanj pou ou?
Èske li rakonte jan ou fidèl?
 
11 Letènèl,
tande mwen.
Gen pitye pou mwen,
pote m sekou.
12 Ou fè kriye m yo chanje an dans.
Ou retire rad sak ki te sou mwen,
ou mete yon sentiwon lajwa nan ren m,
13 Pou kè m chante pou ou,
pou l pa rete nan silans.
Letènèl,
Bondye mwen,
m ap toujou louwe ou.