Bondye se wa sou tout latè
47
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm pitit Kore yo.
2 Nou tout,
pèp,
bat men.
Fè bri lajwa nou monte jwenn Bondye.
3 Paske,
Letènèl,
Bondye Trè wo a,
terib.
Li se gran wa sou tout latè.
4 Li fè pèp yo soumèt devan nou.
Li mete anpil nasyon anba pye nou.
5 Li te chwazi nou kòm eritaj li,
Sa se glwa Jakòb,
moun li renmen an.
– Poze!
6 Bondye monte nan mitan bri kontantman.
Letènèl egzalte ak son twonpèt.
7 Chante pou Bondye!
Chante!
Chante pou wa nou an!
Chante!
8 Paske,
Bondye se wa tout latè.
Chante yon kantik!
9 Bondye ap reye sou nasyon yo,
Bondye chita sou twòn li ki sen.
10 Notab pèp yo fè yon sèl
Ak pèp Bondye Abraam nan.
Paske,
boukliye latè yo se pou Bondye.
Li egzalte anpil.