Vil Bondye nou an
48
Chan.
Yon sòm pitit Kore yo.
2 Letènèl gran.
Li merite tout lwanj,
Nan vil Bondye nou an,
sou montay li a ki sen.
3 Ti mòn nan bèl,
se jwa tout latè;
Se mòn Siyon nan zòn nò a,
Vil gran wa a.
4 Nan palè Siyon yo,
Yo konnen Bondye kòm yon refij.
5 Paske,
gade!
Wa yo rasanble.
Yo tout pase ansanm.
6 Yo gade,
epi se konsa yo sezi.
Yo twouble,
epi yo pran kouri.
7 Yo pran tranble la,
doulè pran yo
Tankou yon fanm ki gen tranche,
8 Tankou lè van lès
Te kraze bato Tasis yo.
9 Jan nou te tande l la,
Se konsa nou te wè l nan vil Letènèl dèz ame a,
Nan vil Bondye nou an.
Bondye ap mete l kanpe fèm pou letènite.
– Poze!
10 O Bondye,
nou panse ak favè ou,
Nan mitan tanp ou.
11 O Bondye,
tankou non ou,
Se konsa lwanj ou rive nan dènye bout latè.
Ou plen jistis nan men dwat ou.
12 Mòn Siyon rejwi,
Pitit fi Jida yo nan gwo kontantman,
Poutèt jijman ou yo.
13 Pakouri nan Siyon,
fè tou li;
Konte fòtrès li yo.
14 Obsève ranpa Siyon yo,
Egzamine palè l yo,
Pou w rakonte l bay jenerasyon k ap vini an.
15 Men Bondye ki Bondye nou an pou le tan e letènite!
Se li menm k ap gide nou jiska lamò.