Foli moun ki mete konfyans yo nan byen yo posede
49
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm pitit Kore yo.
2 Nou tout,
pèp,
tande sa.
Pare zòrèy nou,
nou tout,
abitan nan lemonn.
3 Piti kou gran,
Rich kou pòv!
4 Bouch mwen pral pale pawòl lasajès.
Kè m pral medite panse ki gen bon sans.
5 Mwen pare zòrèy mwen pou yon pwovèb.
M ap kòmanse pwezi m nan sou yon hap.
6 Poukisa pou m ta pè nan jou malè,
Lè inikite lènmi m yo antoure m?
7 Yo kwè nan byen yo,
Yo mete glwa yo nan pil richès yo.
8 Youn pa ka rachte yon lòt.
Ni yo pa ka bay Bondye pri racha yo.
9 Racha nanm yo koute chè.
Sa p ap janm rive.
10 Èske lòm ap viv pou tout tan,
San l pa wè simityè?
11 Paske,
y ap wè sa:
moun ki saj mouri;
Ni moun fou,
ni moun ki egare mouri menm jan an.
Epi yo kite byen yo pou lòt moun.
12 Yo panse kay yo ap la pou tout tan,
Yo panse kote yo rete a ap la jenerasyon apre jenerasyon,
Yo menm ki rele tè yo daprè non yo.
13 Epoutan,
moun ki gen onè pa rete.
Li sanble ak bèt y ap degòje.
14 Se chemen yo sa,
se foli yo.
Moun k ap suiv yo rejwi nan pawòl yo.
– Poze!
 
15 Tankou mouton,
yo mete yo nan peyi-mò.
Yo tounen manje lanmò.
Nan maten moun ki dwat yo pilonnen yo anba pye.
Bèl kou yo bèl,
yo disparèt,
epi se peyi-mò ki tounen kay yo.
16 Men,
Bondye ap rachte nanm mwen anba pouvwa peyi-mò.
Paske,
l ap resevwa m.
– Poze!
17 Pa pè,
lè yon nonm vin rich,
Lè richès ap miltipliye lakay li.
18 Paske,
li pa pote anyen ale,
lè li mouri.
Richès li pa desann avè l.
19 Li ka kwè l beni pandan lavi l.
Moun va fè lwanj pou ou pou plezi ou te fè tèt ou.
20 Malgre sa,
ou prale kote paran w yo,
Yo menm ki p ap janm wè limyè ankò.
21 Epoutan moun ki gen onè,
men ki pa gen konprann,
Li sanble ak bèt y ap degòje.