Bondye pral jije pèp li
50
Yon sòm Asaf.
Bondye,
Bondye,
Letènèl,
pale epi rasanble latè,
Depi kote solèy leve jis kote solèy kouche.
2 Bondye klere depi Siyon,
Mòn ki bèl anpil la.
3 Bondye nou an ap vini,
li p ap rete an silans.
Gen yon dife devoran devan l.
Gen yon gwo tanpèt toutotou li.
4 Li rele nan syèl la anwo,
Li rele latè pou jije pèp li.
5 Rasanble fidèl mwen yo pou mwen,
Yo menm ki te fè alyans avè m grasa yon sakrifis.
6 Syèl la ap deklare jistis li.
Paske,
se Bondye ki jij.
– Poze!
 
7 Pèp mwen an,
tande!
Izrayèl,
mwen pral pale.
M ap sèvi temwen kont ou.
Mwen se Bondye,
Bondye ou.
8 Se pa pou sakrifis ou yo m ap repwoche w.
Ofrann olokos ou yo toujou devan m.
9 Mwen p ap pran ni jèn towo lakay ou,
Ni kabrit nan twoupo w yo.
10 Paske,
tout zannimo nan bwa se pou mwen.
Bèt yo gade sou mil montay,
se pou mwen.
11 Mwen konnen tout zwazo nan mòn.
Tout ti bèt k ap mache nan savann se pou mwen.
12 Si m te grangou,
mwen pa t ap di w sa.
Paske,
lemonn se pou mwen ak tout sa ki ladan l.
13 Èske mwen manje vyann towo yo?
Èske mwen bwè san bouk kabrit yo?
14 Bay Bondye yon sakrifis remèsiman.
Respekte ve ou te fè Bondye Trè wo a.
15 Rele m nan jou detrès,
M a delivre w,
epi w a ban m glwa.
 
16 Bondye di mechan an:
Ki dwa ou genyen pou w ap konte prensip mwen yo,
Pou w gen alyans mwen nan bouch ou?
17 Paske,
ou rayi disiplin,
Ou voye pawòl mwen jete dèyè w.
18 Si ou wè yon vòlè,
ou kontan avè l,
Pati pa w se avèk adiltè yo.
19 Ou livre bouch ou bay mechanste.
Lang ou koud manti.
20 Ou chita,
epi ou pale kont frè ou.
Ou avili pwòp pitit gason manman w.
21 Men sa ou fè,
e mwen rete an silans.
Ou te panse mwen te tankou ou!
Men,
mwen pral fè w repwòch,
Mwen pral mete tout devan je w.
 
22 Kounye a chèche konprann sa,
Nou menm ki bliye Bondye,
San pa sa m ap devore nou,
e p ap gen pèsonn pou delivre.
23 Moun ki ofri sakrifis remèsiman ban m glwa.
Moun ki veye sou chemen yo,
m ap fè yo wè delivrans Bondye a.