Priyè pou w jwenn padon
51
Pou maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 Lè pwofèt Natan te vin kote l,
apre li t al kouche ak Batcheba.
3 O Bondye,
gen pitye pou mwen,
pou jan ou gen bonte.
Pou jan mizerikòd ou gran,
efase peche m yo.
4 Lave m nèt pou retire inikite m nan,
Pirifye m pou retire peche m nan.
5 Paske,
mwen rekonèt fot mwen yo,
Peche m nan toujou devan je mwen.
6 Se kont ou,
se kont ou menm mwen peche.
Mwen fè sa ki mal devan je w,
Konsa w ap jis nan santans ou,
W ap san repwòch nan jijman ou.
7 Gade!
Mwen fèt nan inikite,
Se nan peche mwen te fòme nan vant manman m.
8 Men,
ou pran plezi nan laverite ki nan fon kè:
Ebyen,
fè lasajès antre anndan m.
9 Pirifye m ak izòp,
e m ap vin pwòp.
Lave m,
e m ap vin pi blan pase lanèj.
10 Fè m tande gwo kontantman ak lajwa,
Epi zo ou kase yo va rejwi.
11 Tounen fas ou pou pa wè peche m yo,
Efase tout inikite m yo.
12 O Bondye,
kreye yon kè ki pwòp nan mwen,
Renouvle yon lespri byen dispoze nan mwen.
13 Pa jete m lwen fas ou,
Pa retire Sentespri ou nan mwen.
14 Ban mwen lajwa delivrans ou ankò.
Soutni m ak yon lespri ki vle obeyi.
15 M a montre rebèl yo chemen ou,
E pechè yo va tounen vin jwenn ou.
16 O Bondye,
Bondye delivrans mwen!
Delivre m anba san ki koule a,
E lang mwen va selebre jistis ou.
17 O Senyè,
louvri bouch mwen!
E bouch mwen va rakonte lwanj ou.
18 Paske,
ou pa pran plezi nan sakrifis,
Si se te sa,
mwen ta ba ou l.
Men,
ou pa pran plezi nan olokos.
19 Sakrifis ki fè Bondye plezi,
se yon lespri brize.
O Bondye,
ou pa meprize yon kè ki brize,
ki rekonèt tò li.
20 Nan gras ou,
fè byen pou mòn Siyon!
Bati miray Jerizalèm yo!
21 Lè sa a,
w a pran plezi nan sakrifis ki jis,
Nan olokos ak ofrann yo boule nèt.
Lè sa a,
y a ofri jèn towo sou lotèl ou a.