Sò yon nonm ki mechan
52
Pou maestwo koral la.
Yon Kantik David.
2 Lè Dwèg,
moun Edon an,
te vin pote rapò bay Sayil.
Li te di:
David t ale lakay Akimelèk.
3 Vanyan gason,
poukisa ou vante tèt ou nan mechanste?
Bonte Bondye dire chak jou.
4 Se konplo pou detui ase,
lang ou fè.
Ou menm k ap twonpe moun,
Lang ou tankou razwa file.
5 Ou renmen mal plis pase byen.
Ou renmen manti plis pase pawòl ki dwat.
– Poze!
6 Lang trayizon,
Ou renmen tout pawòl ki ka detui.
7 Men,
Bondye ap demoli w pou letènite.
L ap pran w e l ap rache w soti nan tant ou.
L ap derasinen w nan latè moun vivan yo.
– Poze!
 
8 Moun ki jis yo va wè,
e y ap gen krentif.
Y ap ri sou li.
9 Se konsa moun ki pa pran Bondye kòm refij yo ye,
Moun ki mete konfyans yo nan gwo richès yo,
Moun ki montre yo fò nan riz.
10 Men,
mwen tankou yon pye oliv vèt lakay Bondye.
Mwen konfye m nan bonte Bondye pou le tan e letènite.
11 M ap louwe ou pou tout tan,
paske ou aji.
Mwen vle tann nan non ou,
paske,
sa bon
Devan fidèl ou yo.