Moun fou ak moun k ap komèt inikite
53
Pou Maestwo koral la.
Sou flit la.
Yon kantik David.
2 Moun fou a di nan kè l:
Pa gen Bondye!
Yo kòwonpi.
Yo komèt abominasyon ak inikite.
Pa genyen youn k ap fè byen.
3 Bondye rete depi nan syèl la,
li gade pami pitit lèzòm,
Pou l wè si gen youn ki gen konprann,
Youn k ap chèche Bondye.
4 Yo tout pèdi chemen an,
yo vin pèvèti ansanm.
Pa genyen youn k ap fè byen,
Pa genyen menm yon sèl.
5 Moun k ap komèt inikite,
èske yo pa konprann anyen?
Yo devore pèp mwen an tankou yo devore pen.
Epi yo pa envoke Bondye.
6 La tou,
se pa ti pè yo pral pè,
kote p ap gen rezon pou moun pè.
Bondye ap gaye zo moun k ap atake w yo.
Ou ap fè yo wont,
paske Bondye rejte yo.
7 Kilès k ap fè delivrans Izrayèl soti nan Siyon?
Lè Bondye va mennen prizonye pèp li a tounen,
Jakòb ap nan gwo kontantman,
Izrayèl ap nan lajwa.