Senyè a delivre m nan tout detrès
54
Pou Maestwo koral la.
Sou enstriman a kòd.
Yon kantik David.
2 Lè moun Zif yo te vin di Sayil:
Èske David pa kache lakay nou?
3 O Bondye,
sove m nan non ou.
Fè m jistis nan pisans ou.
4 O Bondye,
tande priyè m.
Tande pawòl nan bouch mwen.
5 Paske,
etranje leve kont mwen.
Moun vyolan ap chèche retire lavi m.
Yo pa mete Bondye devan yo.
– Poze!
 
6 Gade!
Se Bondye ki sekou mwen.
Senyè a avèk moun k ap soutni lavi m.
7 L ap fè malè a tonbe sou advèsè m yo.
Fini ak yo nan fidelite ou.
 
8 M ap ofri ou sakrifis ak tout volonte m,
Letènèl,
m ap louwe non ou paske,
se bon.
9 Paske,
li delivre m nan tout detrès.
Mwen pran plezi gade lènmi m yo.