Lènmi m yo ap pousuiv mwen
55
Pou Maestwo koral la.
Sou enstriman a kòd.
Yon Kantik David.
2 O Bondye,
tande priyè m.
Pa kache pou pa koute plent mwen yo.
3 Tande byen,
e reponn mwen.
Mwen ajite nan chagren mwen,
e m ap plenn
4 Akòz vwa lènmi an,
Akòz mechan an k ap peze m.
Paske,
yo lakòz malè tonbe sou mwen,
Epi yo rayi mwen nan kòlè yo.
 
5 Kè m ap tranble anndan mwen.
Laperèz lanmò te tonbe sou mwen.
6 Pè ak latranblad antre sou mwen,
Laperèz kouvri mwen.
7 Mwen di:
Si m te gen zèl pijon,
Mwen t ap vole epi mwen t ap jwenn repo.
8 Gade!
Mwen t ap sove ale byen lwen.
Mwen t ap abite nan dezè a.
– Poze!
9 Mwen t ap prese chèche yon refij,
Kont van fò,
kont tanpèt.
 
10 Vale yo,
Senyè,
divize lang yo.
Paske,
mwen wè vyolans ak dispit nan vil la.
11 Lannuit kou lajounen,
yo fè viwonn vil la sou miray,
Inikite ak vis nan mitan vil la.
12 Dezas nan mitan l.
Vyolans ak manti pa kite plas piblik li yo.
 
13 Se pa yon lènmi k ap meprize m,
Mwen ta reziye m.
Se pa moun ki rayi m ki leve kont mwen,
Mwen ta kache pou li.
14 Men se ou menm,
yon moun tankou m;
Ou menm,
bon zanmi m,
moun mwen konnen.
15 Nou te konn pale byen ansanm,
Nou te konn ale ak foul la nan kay Bondye a.
16 Se pou lanmò sezi yo,
Se pou yo desann tou vivan nan peyi-mò,
Paske,
mechanste abite avè yo,
nan mitan yo.
 
17 Mwen menm,
mwen rele Bondye,
Letènèl ap sove m.
18 Leswa,
lematen,
a midi,
m ap plenn,
m ap jemi.
Epi Bondye tande vwa m.
19 L ap rachte nanm mwen nan lapè,
nan batay yo kont mwen.
Paske,
moun ki kont mwen yo anpil.
20 Bondye ap tande,
l ap imilye yo,
Limenm k ap reye depi lontan.
– Poze!
Paske,
yo pa chanje,
yo pa gen krentif pou Bondye.
 
21 Mechan an mete men sou moun ki anpè avè l.
Li vyole kontra li.
22 Bouch li pi dous pase krèm,
Men,
nan kè l se lagè.
Pawòl li pi swa pase luil,
Men,
yo tankou yon epe ou rale nan fouwo l.
 
23 Lage fado ou bay Letènèl,
e l ap soutni ou.
Li p ap janm kite jis la bite.
24 Men,
ou menm,
Bondye,
w ap fè yo desann nan bafon twou a,
Moun k ap vèse san,
moun k ap bay manti p ap wè mwatye nan jou yo.
Men mwen menm,
se nan ou mwen konfye m.