Avèk Bondye, mwen p ap pè
56
Pou Maestwo koral la.
Sou lè «pijon sou terebent lwen yo.»
Yon kantik David.
Lè Filisten yo te kenbe l nan vil Gat.
2 Bondye,
gen pitye pou mwen!
Paske,
gen moun k ap toumante m.
Tout lajounen y ap fè m lagè,
y ap peze m.
3 Tout lajounen,
lènmi m yo ap toumante m.
Moun k ap fè m lagè ak awogans yo anpil.
4 Lè mwen pè,
Se nan ou mwen konfye m.
5 M ap vante tèt mwen nan Bondye,
nan pawòl li.
Mwen konfye m nan Bondye,
mwen p ap pè
Kisa moun ka fè m?
6 Tout lajounen y ap defòme pawòl mwen,
Tout panse yo sou mwen pou yo fè m mechanste.
7 Y ap fè konplo,
yo nan anbiskad.
Y ap veye tras pye m.
Yo vle retire lavi m.
8 Èske y ap chape nan inikite yo?
O Bondye,
jete nasyon yo anba nan kòlè ou.
9 Ou kontwole kouri kache m yo.
Mete dlo je m yo nan boutèy ou.
Èske yo pa ekri nan liv ou?
10 Jou mwen kriye,
lènmi m yo ap fè bak;
Mwen konnen Bondye pou mwen.
11 M ap vante tèt mwen nan Bondye,
nan pawòl li,
M ap vante tèt mwen nan Letènèl,
nan pawòl li.
12 Mwen konfye m nan Bondye,
mwen p ap pè.
Kisa moun ka fè m?
13 O Bondye,
ve mwen te fè w yo sou kont mwen.
M ap ofri sakrifis remèsiman.
14 Paske,
ou delivre nanm mwen anba lanmò;
Vrèmanvre,
ou te anpeche pye m glise
Pou m ka mache devan Bondye nan limyè moun vivan yo.