M ap chèche yon refij
57
Pou Maestwo koral la.
«Pa detui.»
Yon kantik David.
Lè li t ap kouri pou Sayil,
pandan li te nan kavèn nan.
2 Gen pitye pou mwen,
Bondye,
gen pitye pou mwen!
Paske,
nanm mwen ap chèche refij nan ou.
M ap chèche refij anba lonbraj zèl ou,
Jiskaske kalamite yo pase.
3 M ap kriye bay Bondye Trè Wo a,
Bondye ki aji pou mwen an.
4 L ap voye delivrans mwen soti nan syèl.
L ap fè moun k ap pilonnen m wont.
– Poze!
Bondye ap voye bonte li ak fidelite l.
5 Nanm mwen nan mitan lyon,
Mwen kouche pami moun k ap devore pitit lèzòm.
Dan yo tankou lans ak flèch.
Lang yo tankou yon epe ki file.
6 Bondye,
se pou ou egzalte sou syèl la.
Se pou glwa ou sou tout latè.
7 Yo tann yon filè sou wout mwen,
Nanm mwen koube.
Yo te fouye yon twou devan m,
Yo tonbe ladan l.
– Poze!
8 Kè m vin fèm,
o Bondye,
kè m vin fèm.
M ap chante,
epi m ap jwe enstriman.
9 Reveye w,
nanm mwen.
Reveye w,
gita mwen ak hap mwen.
M ap fè maten reveye.
10 O Senyè,
m ap louwe ou nan mitan pèp yo.
M ap jwe enstriman pou ou nan mitan nasyon yo.
11 Paske,
bonte ou gran,
li rive jis nan syèl.
Fidelite w rive jis nan nyaj yo.
12 Bondye,
se pou ou egzalte sou syèl la.
Se pou glwa ou sou tout latè.