Wi, gen yon Bondye k ap jije latè
58
Pou Maestwo koral la.
«Pa detui.»
Yon kantik David.
2 Èske vrèman,
se nan silans ou ran jistis?
Nou menm,
pitit lèzòm,
èske nou jije daprè lajistis?
3 Non!
Nou komèt enjistis nan kè nou.
Nan peyi a se vyolans men nou nou mete sou balans la.
4 Mechan yo pèvèti depi nan vant,
Moun k ap bay manti yo detounen depi nan vant.
5 Yo gen yon pwazon ki tankou pwazon sèpan.
Yo fèmen zòrèy yo tankou yon vipè ki soud,
6 Ki pa tande vwa majisyen,
Menm majisyen ki pi maton an.
 
7 O Bondye,
kase dan nan bouch yo.
Letènèl,
rache zo machwè jèn lyon yo.
8 Se pou yo gaye tankou dlo k ap koule.
Li lanse flèch li,
e yo vin enfim.
9 Tankou yon kalmanson k ap fonn pandan l ap mache,
Tankou yon timoun ki fèt tou mouri,
yo p ap wè solèy.
10 Anvan chodyè nou yo touche dife pikan yo,
Ke yo vèt,
ke yo boule,
Bondye ap pote yo ale nan tanpèt.
 
11 Jis la ap nan lajwa lè li wè vanjans lan,
L ap benyen pye li nan san mechan yo.
12 Moun pral di:
Vrèman,
gen rekonpans pou jis la.
Vrèman,
gen yon Bondye k ap jije sou latè.