Sove m anba moun k ap fè san koule
59
Pou Maestwo koral la.
«Pa detui.»
Yon kantik David.
Lè Sayil te voye veye kay David pou l tiye l.
2 O Bondye,
delivre m anba lènmi m yo.
Pwoteje m kont moun ki leve kont mwen yo.
3 Delivre m anba malfektè,
Sove m anba moun k ap fè san koule.
4 Paske,
gade!
Yo tann anbiskad pou pran lavi m,
Moun vyolan ap fè konplo kont mwen,
San m pa kriminèl,
san m pa koupab,
Letènèl.
5 San mwen pa koupab,
y ap kouri,
y ap prepare yo;
Leve pou vin kote m,
epi gade.
6 Ou menm,
Letènèl,
Dye dèz ame yo,
Bondye Izrayèl la,
Leve pou fè tout nasyon yo rann kont,
Pa gen pitye pou okenn nan mechan,
trèt sa yo.
– Poze!
7 Yo tounen nan aswè,
yo gwonde tankou chen,
Yo fè tou vil la.
8 Gade sa yo vomi nan bouch yo!
Yon epe soti nan bouch yo.
Paske,
yo di:
Ki moun k ap tande?
9 Men,
ou menm,
Letènèl,
ou ri yo;
Ou pase tout nasyon yo nan rizib.
10 Malgre fòs yo,
m ap tann ou;
Paske,
se Bondye ki refij mwen.
11 Nan bonte li,
Bondye vin kote m.
Bondye ap fè m wè pase lènmi m yo.
12 Pa tiye yo,
san pa sa pèp mwen an ap bliye sa.
Nan pisans ou,
fè yo mache pasi pala,
E jete yo anba,
Senyè nou,
boukliye nou.
13 Bouch yo peche nan chak pawòl ki sou lèv yo.
Se pou yo pran nan pwòp ògèy yo,
Se sèman ak manti ase yo fè.
14 Detui yo,
detui yo nan kòlè w,
se pou yo disparèt.
Se pou yo konnen Bondye ap reye sou Jakòb,
Jis nan dènye bout latè.
– Poze!
15 Yo tounen nan aswè,
yo gwonde tankou chen,
Yo fè tou vil la.
16 Yo mache pasi pala nan chèche manje.
Epi yo pase nuit la san vant yo pa plen.
17 Men,
mwen,
m ap chante pouvwa ou.
Depi nan maten,
m ap chante fidelite ou byen fò.
Paske,
ou se fòtrès mwen,
Ou se refij mwen nan jou detrès.
18 Ou menm ki fòs mwen,
m ap chante lwanj ou,
Paske,
Bondye se refij mwen,
Bondye fidèl mwen.