Pote nou sekou
60
Pou maestwo koral la.
Sou flèdelis temwen an.
Yon sòm David pou anseye.
2 Lè David t ap fè lagè ak moun Siri yo nan Mezopotami ak Zoba.
Se lè sa a tou Joab te tounen,
apre l te fin bat douzmil Edomit nan plenn Sèl.
3 O Bondye,
ou te repouse nou,
ou te brize nou.
Ou te fache.
Tounen ak nou ankò!
4 Ou fè latè tranble,
ou fann li.
Repare twou yo,
paske li tranble.
5 Ou fè pèp ou wè bagay ki rèd.
Ou fè nou bwè yon diven toudisman.
6 Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon banyè
Pou yo rasanble anba l devan flèch.
– Poze!
7 Pou moun ou renmen yo ka sove,
Sove nou ak men dwat ou,
reponn nou.
8 Bondye di,
grasa non li ki sen:
M ap triyonfe,
M ap separe Sichèm,
m ap mezire vale Soukòt.
9 Galaad se pou mwen,
Manase se pou mwen.
Efrayim se kas nan tèt mwen,
e Jida se baton kòmandman m.
10 Moab,
se kivèt pou m benyen,
Mwen voye soulye m sou Edon.
Peyi Filisten,
fè gwo bri poutèt mwen.
11 Kilès k ap mennen m nan vil ki gen ranpa a?
Kilès k ap mennen m Edon?
12 Bondye,
èske se pa ou menm ki te repouse nou,
Ki pa soti ak lame nou yo ankò,
Bondye?
13 Ban nou sekou kont lènmi.
Sekou lòm pa vo anyen.
14 Ak Bondye,
n ap fè laviktwa.
Paske,
se li menm k ap kraze lènmi nou yo.