Woche ki pi wo pase m nan
61
Pou Maestwo koral la.
Sou enstriman a kòd.
Yon sòm David.
2 O Bondye,
koute kri mwen.
Tande priyè mwen.
3 Depi dènye pwent latè,
mwen kriye ba ou ak yon kè dekouraje.
Mennen m sou woche ki pi wo pase m nan.
4 Paske,
ou se refij mwen,
Yon fòtrès pisan kont lènmi an.
5 Mwen ta renmen rete nan tant ou pou letènite,
Mwen ta renmen chèche refij anba lonbraj zèl ou.
– Poze!
 
6 Paske,
ou menm,
Bondye,
ou tande ve mwen yo.
Ou ban m eritaj moun ki gen krentif pou non ou.
7 Ajoute jou sou jou wa a,
Se pou ane l yo pwolonje jenerasyon apre jenerasyon.
8 Se pou l rete sou twòn nan devan Bondye pou letènite;
Fè bonte w ak fidelite w veye sou li.
9 Konsa,
m a chante non ou san rete,
Nan kenbe ve m te fè yo chak jou.