Se pou Senyè a bonte ye
62
Pou maestwo koral la.
Daprè Jedoutoun.
Yon sòm David.
2 Wi!
Se Bondye nanm mwen ap tann an silans.
Se nan li delivrans mwen soti.
3 Wi!
Se li menm ki woche mwen,
delivrans mwen;
Li se refij mwen,
mwen p ap janm bite pou m tonbe.
4 Kilè n a sispann atake yon nonm?
Kilè nou tout ap sispann chèche kraze l,
Tankou yon miray ki panche,
Tankou lantiray k ap vide?
5 Wi!
Y ap fè konplo pou yo jete l nan gwo pozisyon li.
Yo pran plezi nan manti.
Yo beni ak bouch yo,
Men,
yo modi ak kè yo.
– Poze!
6 Wi!
Nanm mwen,
tann Bondye an silans.
Paske,
espwa mwen se nan li.
7 Wi!
Se li menm ki woche mwen,
delivrans mwen,
Li se refij mwen,
mwen p ap bite.
8 Se sou Bondye delivrans mwen ak glwa m chita,
Li se woche fòs mwen,
refij mwen se nan Bondye.
9 Nou menm pèp,
konfye nou nan li tout tan.
Repann kè nou devan li.
Bondye se yon refij pou nou.
– Poze!
10 Wi!
Pitit Adan yo,
se souf ase yo ye.
Pitit lòm yo se manti.
Yo tout ansanm te mèt monte nan yon balans,
Yo pi lejè pase yon souf.
11 Pa kwè nan fè brital.
Pa mete fo espwa nan vòl.
Lè richès miltipliye,
Pa kite kè nou atache avè l.
12 Bondye pale yon fwa,
An de fwa,
mwen tande sa:
Se Bondye ki gen pisans.
13 Senyè,
se pou ou bonte ye,
Paske,
se ou menm ki bay chak moun rekonpans daprè zèv yo.