Bonte ou vo plis pase lavi
63
Yon sòm David.
Lè li te nan dezè Jida.
2 O Bondye,
ou se Bondye mwen.
M ap chèche w anpil.
Nanm mwen swaf ou,
kò mwen swaf ou anpil,
Nan yon tè ki sèk,
ki rèd,
ki san dlo.
3 Se konsa mwen kontanple w nan lye sen an,
Pou m wè pisans ou ak glwa ou.
4 Paske,
bonte ou vo plis pase lavi,
Bouch mwen va louwe w ankò.
5 Konsa,
m a beni w pandan tout lavi m;
M a leve men m nan non ou.
6 Nanm mwen va satisfè tankou grès ak mwèl,
Avèk rejwisans sou lèv mwen,
bouch mwen va louwe w.
 
7 Lè mwen sonje w sou kabann mwen,
Mwen medite sou ou chak moman pandan lannuit.
8 Paske,
ou se sekou mwen,
Mwen rejwi anpil anba lonbraj zèl ou.
9 Nanm mwen atache avè w;
Men dwat ou soutni mwen.
 
10 Men,
moun k ap chèche detui lavi m yo,
Yo prale kote ki pi fon nan latè.
11 Y ap livre yo anba pouvwa epe.
Y ap devni manje pou chakal.
12 Men,
wa a va rejwi nan Bondye,
Tout moun ki sèmante nan non l va fyè.
Paske bouch mantè yo gen pou fèmen.