Pwoteje lavi m kont lènmi
64
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David.
2 O Bondye,
tande vwa m,
lè m ap jemi.
Pwoteje lavi m kont lènmi k ap fè m pè a.
3 Kache mwen kont konplo mechan yo,
Kont moun k ap komèt inikite.
4 Yo file lang yo tankou yon epe.
Yo lanse pawòl anmè tankou flèch,
5 Pou yo tire an kachèt sou inosan.
Yo tire sou li sanzatann,
e yo pa pè.
6 Yo pran fòs nan fè konplo,
Yo mete ansanm pou yo tann pyèj an kachèt.
Yo di:
Ki moun k ap wè pyèj yo?
7 Yo planifye lenjistis epi yo di:
Nou fini!
Konplo a byen planifye!
Anndan yo chak,
kè yo se yon abim.
 
8 Men,
Bondye tire flèch li sanzatann kont yo,
Li blese yo.
9 Se lang yo ki fè yo tonbe.
Tout moun ki wè yo pran kouri.
10 Tout moun pral gen krentif,
Yo va rakonte sa Bondye fè,
Y ap konsidere zèv li.
11 Jis la rejwi nan Letènèl,
li chèche refij nan li.
Tout moun ki gen kè yo dwat va fyè de li.