Benediksyon Bondye yo
65
Pou Maestwo koral la.
Yon sòm David.
Yon kantik.
2 O Bondye,
silans se lwanj pou ou nan Siyon.
N ap akonpli ve nou te fè a.
3 Ou menm ki tande priyè,
Tout moun ap vini devan w.
4 Pawòl inikite yo depase mwen.
W a efase rebelyon nou yo.
5 Benediksyon pou moun ou chwazi a,
Moun ou fè pwoche pre a,
Pou l abite lakay ou!
N ap rasazye nan byen lakay ou,
Nan tanp ou a ki sen.
6 O Bondye delivrans nou,
nan jistis ou,
W ap reponn nou ak evènman terib,
Ou menm,
espwa dènye bout latè ak lanmè ki pi lwen.
7 Ak fòs li,
li fè montay yo fèm.
Li ame ak pisans.
8 Li fè bri lanmè yo sispann,
bri vag lanmè yo,
Ak ajitasyon pèp yo.
9 Moun ki abite nan dènye bout latè pè akòz mèvèy ou yo.
Ou fè maten ak aswè chante ak lajwa.
10 Ou vizite latè,
ou ba li labondans.
Ou konble l ak richès.
Ravin Bondye a plen dlo.
Lè ou prepare latè konsa,
ou prepare ble a.
11 Lè ou wouze siyon yo,
ou plani bit tè yo,
Ou fè latè swa ak anpil lapli.
Ou beni jèm ble a.
12 Ou kouwone ane a ak bonte w,
Nan tras pye w labondans tonbe.
13 Patiraj dezè a koule dlo,
Ti mòn yo gen gwo kontantman kòm senti.
14 Patiraj yo kouvri ak mouton ak kabrit,
Plenn yo abiye ak ble,
Yo pouse gwo kri kontantman,
epitou yo chante.