Louwe Bondye
66
Pou Maestwo koral la.
Yon kantik.
Yon sòm.
Tout moun sou latè,
Pouse rèl kontantman pou Bondye.
2 Chante glwa non li.
Ba li lwanj ki plen ak glwa.
3 Di Bondye:
Ala terib zèv ou yo terib.
Akòz grandè ou,
lènmi w yo bese devan w.
4 Tout latè koube devan w,
e yo chante pou ou,
Yo chante non ou.
– Poze!
 
5 Vini!
Kontanple zèv Bondye yo!
Zèv li fè pou pitit lòm yo terib.
6 Li fè lanmè tounen tè sèk,
Yo travèse flèv la a pye.
Se la nou te rejwi nan li.
7 Bondye domine ak pisans li pou tout tan,
Je l ap veye nasyon yo;
Pa kite rebèl yo leve kont li.
– Poze!
 
8 Nou menm pèp yo,
beni Bondye nou an,
Fè tande son lwanj li.
9 Li konsève lavi nanm nou,
Li pa kite pye nou glise.
10 Paske,
Bondye,
ou sonde nou.
Ou teste nou tankou ou rafine ajan.
11 Ou mennen nou nan filè,
Ou mete yon fado lou sou ren nou.
12 Ou fè moun monte sou tèt nou,
Nou pase ni nan dife ni nan dlo,
Men,
ou fè nou soti pou ban nou labondans.
13 Mwen prale lakay ou ak olokos.
M ap respekte ve mwen te fè w yo,
14 Ve mwen te louvri bouch mwen pou yo a,
Ve bouch mwen te fè nan detrès mwen.
15 M ap ofri olokos mouton gra,
M ap fè lafimen bouk kabrit yo monte devan w.
M ap fè sakrifis bèf ak bouk kabrit.
– Poze!
 
16 Vini,
tande!
Nou tout ki gen krentif pou Bondye,
M a rakonte nou sa li fè pou nanm mwen.
17 Mwen te rele l ak bouch mwen,
Mwen te egzalte l ak lang mwen.
18 Si m te gade mechanste nan kè m,
Senyè a pa t ap tande m.
19 Men,
Bondye te tande m.
Li te koute son priyè m.
20 Se pou Bondye beni,
Li menm ki pa t rejte priyè m,
Li menm ki pa t refize m favè li.