Se pou nasyon yo louwe Bondye
67
Pou Maestwo koral la.
Avèk enstriman a kòd.
Yon sòm.
Yon kantik.
2 Se pou Bondye fè nou gras,
se pou l beni nou.
Se pou l fè fas li briye sou nou.
– Poze!
3 Pou moun sou latè ka konnen chemen ou,
Pou yo ka konnen delivrans ou pami tout nasyon.
4 O Bondye,
se pou pèp yo louwe ou!
Se pou tout pèp yo louwe ou!
5 Se pou tout nasyon yo rejwi e chante lajwa,
Paske,
ou jije pèp yo avèk jistis.
Ou dirije nasyon yo sou latè.
– Poze!
6 O Bondye,
se pou pèp yo louwe ou!
Se pou tout pèp yo louwe ou!
7 Latè bay pwodiksyon li,
O Bondye,
Bondye nou,
ou beni nou.
8 Bondye beni nou,
Epi dènye bout latè pral gen krentif pou li.