Liv 4, Sòm 90-106
Aprann nou pou nou konte jou nou yo byen
90
Yon priyè Moyiz,
òm de Dye.
Senyè,
ou se yon refij pou nou,
Jenerasyon apre jenerasyon.
2 Anvan montay yo te fèt,
Anvan ou te kreye latè ak lemonn,
Ou se Bondye pou le tan e letènite.
3 Ou fè lèzòm tounen nan pousyè,
Ou di:
Pitit lòm,
retounen.
4 Paske,
milan pou ou,
Se tankou jou yè a lè l fin pase,
Se tankou yon tranch nan nuit nwit la.
5 Ou pote yo ale tankou yon rèv,
Ki pase tankou zèb nan maten:
 
6 Nan maten,
li fleri,
li pase,
Yo koupe l nan aswè,
epi li seche.
7 Nou fin depafini anba kòlè ou,
Gwo kòlè ou toumante nou.
8 Ou mete inikite nou devan ou,
Ou fè sa nou kache yo parèt nan limyè fas ou.
9 Tout jou nou yo disparèt anba kòlè ou,
Nou wè ane nou yo depafini tankou yon soupi.
10 Jou ane nou yo rive swasanndizan.
Pou moun ki pi fò yo li rive katrevenzan.
E lògèy yo jwenn ladan se traka ak mizè ase.
Paske,
jou nou yo pase vit,
se vole n ap vole.
11 Kilès ki konnen fòs kòlè ou,
Gwo kòlè ou,
jan moun dwe gen krentif pou ou?
 
12 Aprann nou pou nou konte jou nou yo byen,
Pou nou dirije kè nou ak sajès.
13 Tounen,
Letènèl!
Jis kilè …?
Gen pitye pou sèvitè w yo.
14 Nan maten,
satisfè nou ak bonte ou,
Konsa n ap nan lajwa ak rejwisans chak jou.
15 Fè kè nou kontan pou kantite jou ou te imilye nou,
Pou kantite ane nou te wè malè.
16 Fè sèvitè w yo wè zèv ou,
Fè pitit yo fè glwa ou.
17 Se pou bonte Letènèl,
Bondye nou an,
rete sou nou,
Fè travay men nou vin fèm pou nou.
Wi,
fè travay men nou vin fèm.