Se Letènèl ki bay richès
127
Kantik eskalye yo.
Yon kantik Salomon.
Si se pa Letènèl ki bati kay la,
Moun ki bati l yo travay anven.
Si se pa Letènèl ki veye vil la,
Moun k ap gade l yo veye anven.
2 Se anven ou leve bonè,
ou kouche ta,
Ou manje pen doulè;
Wi,
li bay byeneme li somèy.
3 Gade!
Pitit se eritaj ki soti nan Letènèl,
Fwi zantray se yon rekonpans.
4 Tankou flèch nan men yon vanyan gason,
Se konsa pitit ou fè lè w jèn ye.
5 Benediksyon pou moun ki ranpli ralfò yo ak pitit,
Li p ap wont,
Lè y ap plede ak lènmi l yo nan pòtay la.