Izrayèl tounen sot nan kaptivite
126
Kantik eskalye yo.
Lè Letènèl te mennen kaptif Siyon yo tounen,
Nou te tankou moun k ap reve.
2 Bouch nou te plen ak kout ri,
Lang nou te plen ak kri rejwisans.
Lè sa a,
moun t ap di nan mitan nasyon yo:
Letènèl fè gwo bagay pou yo.
3 Letènèl fè gwo bagay pou nou,
Nou nan lajwa.
4 Letènèl,
mennen kaptif nou yo tounen,
Tankou kouran dlo nan zòn sid.
5 Moun ki simen ak dlo nan je,
Y ap rekòlte ak kri rejwisans.
6 Sila a ki ale ak dlo nan je,
lè l ap pote semans la,
L ap tounen ak kri rejwisans,
lè l ap pote zepi yo.