Letènèl antoure pèp li
125
Kantik eskalye yo.
Moun ki mete konfyans yo nan Letènèl tankou mòn Siyon
Ki p ap brannen,
K ap la pou tout tan.
2 Jerizalèm antoure ak montay;
Se konsa Letènèl antoure pèp li,
Depi kounye a ak pou tout tan.
3 Paske,
baton kòmandman mechanste a p ap rete
Sou pòsyon tè moun jis yo,
Pou jis yo pa tann men yo bay inikite.
 
4 Letènèl,
fè byen pou moun ki bon yo,
Pou moun ki gen kè yo dwat!
5 Men moun ki vire pou mache nan chemen kwochi,
Se pou Letènèl detui yo ak tout moun k ap fè mal!
Se pou lapè rete sou Izrayèl!