Sekou nou soti nan Letènèl
124
Kantik eskalye yo.
Yon sòm David.
Si se pa t Letènèl,
kilès ki te pou nou?
–Se pou Izrayèl di sa kounye a–
2 Si se pa t Letènèl,
kilès ki te pou nou,
Lè lèzòm te leve kont nou?
3 Yo t ap vale nou tou vivan,
Lè kòlè yo te limen kont nou;
4 Dlo yo t ap nwaye nou,
Tòran dlo yo t ap pase sou nou,
5 Dlo k ap desann yo
T ap pase sou nou.
6 Beniswa Letènèl,
Li menm ki pa t livre nou anba dan yo.
7 Lavi nou chape tankou zwazo ki chape nan pèlen chase;
Pèlen an kase,
e nou chape.
8 Sekou nou soti nan non Letènèl
Ki fè syèl la ak tè a.