Je nou sou Letènèl
123
Kantik eskalye yo.
Mwen leve je m gade w,
Ou menm ki chita nan syèl la.
2 Gade!
Tankou je sèvitè yo fikse sou men mèt yo,
Tankou je sèvant lan fikse sou men mètrès li,
Se konsa je nou fikse sou ou,
Letènèl,
Bondye nou,
Jiskaske ou gen pitye pou nou.
 
3 Gen pitye pou nou,
Letènèl,
gen pitye pou nou!
Paske,
nou twò rasazye ak mepriz.
4 Nanm nou plis pase rasazye
Ak mokri moun ki alèz yo ak mepriz awogan yo.