Priye pou Jerizalèm gen lapè
122
Kantik eskalye yo.
Yon sòm David.
Mwen rejwi lè yo di mwen:
Ann ale lakay Letènèl!
2 Pye nou kanpe
Devan pòtay ou yo,
Jerizalèm!
3 Jerizalèm,
ou bati
Tankou yon vil kote tout bagay byen konekte.
4 Se la tribi yo monte,
Branch fanmi Letènèl yo,
Tankou yon temwayaj pou Izrayèl,
Pou yo louwe non Letènèl.
 
5 Se la twòn jijman yo enstale,
Twòn fanmi David yo.
6 Mande lapè pou Jerizalèm!
Se pou moun ki renmen w yo viv trankil!
7 Se pou lapè rete nan ranpa ou yo!
Se pou sekirite rete nan palè w yo!
8 Poutèt frè m yo ak zanmi m yo,
Kounye a m ap di:
Se pou lapè rete nan ou!
9 Poutèt kay Letènèl la,
Bondye nou,
Mwen chèche sa ki bon pou ou.