Letènèl pap dòmi
121
Kantik eskalye yo.
Mwen leve je m,
mwen gade mòn yo.
Kote sekou mwen ap soti?
2 Sekou m ap soti nan Letènèl,
Li menm ki kreye syèl la ak tè a.
3 Li p ap kite pye ou glise,
Sila a k ap veye sou ou a p ap kabicha.
4 Gade!
Li p ap kabicha,
li p ap dòmi,
Sila a k ap veye sou Izrayèl la.
5 Letènèl se sila a k ap veye sou ou,
Letènèl se lonbraj sou bò dwat ou.
6 Lajounen,
solèy la p ap frape ou,
Lannuit,
lalin nan p ap frape ou.
7 Letènèl ap veye sou ou kont tout malè,
L ap veye sou lavi ou.
8 Letènèl ap veye soti w ak antre w,
Depi kounye a ak pou tout tan.