Delivre nanm mwen
120
Kantik eskalye yo.
Nan detrès mwen,
mwen kriye bay Letènèl.
E li reponn mwen.
 
2 Letènèl,
delivre nanm mwen anba bouch k ap bay manti,
Anba lang k ap twonpe.
3 Kisa y ap ba ou,
lang mantè?
Kisa sa rapòte ou?
4 Flèch pwenti vanyan gason yo,
Ak chabon dife gayak.
5 Malè pou mwen menm ki abite Mechèk,
Ki abite nan tant Keda yo!
6 Gen lontan depi nanm mwen rete
Ansanm ak moun ki rayi lapè.
7 Mwen pou lapè.
Men,
depi m pale,
Yo menm,
yo pou lagè.