Lalwa Letènèl
119
Alèf
1 Benediksyon pou moun ki san repwòch nan chemen yo,
Ki mache daprè lalwa Letènèl!
2 Benediksyon pou moun ki kenbe temwayaj Letènèl yo,
Ki chèche l ak tout kè yo,
3 Epi ki pa komèt inikite,
Ki mache nan chemen l yo.
4 Ou te pibliye lòd ou yo,
Pou moun ka byen kenbe yo.
5 Se pou chemen m yo byen tabli,
Pou m ka kenbe prensip ou yo!
6 Konsa,
mwen p ap wont
Lè m gade kòmandman ou yo.
7 M ap louwe w ak yon kè ki dwat,
Nan aprann òdonans jistis ou yo.
8 Mwen vle kenbe prensip ou yo:
Pa abandone m nèt!
Bèt
9 Kòman yon jèn gason ka pirifye chemen li?
Se lè li kenbe tèt li daprè pawòl ou.
10 M ap chèche w ak tout kè m:
Pa kite m egare lwen kòmandman ou yo!
11 M ap sere pawòl ou nan kè m,
Pou mwen pa peche kont ou.
12 O Letènèl,
se pou ou beni!
Montre m prensip ou yo!
13 Ak bouch mwen,
Mwen repete tout prensip ou yo.
14 Mwen rejwi anpil nan chemen temwayaj ou yo,
Se tankou m te posede tout richès.
15 Mwen medite sou lòd ou yo,
Mwen gen chemen ou yo devan je m.
16 Mwen pran plezi m nan prensip ou,
Mwen pa bliye pawòl ou.
Gimèl
17 Aji byen ak sèvitè ou pou m ka viv,
Pou m ka kenbe pawòl ou!
18 Louvri je m,
Pou m ka wè mèvèy lalwa ou!
19 Mwen se yon etranje sou latè:
Pa kache m kòmandman ou yo.
20 Nanm mwen ap soupire,
Tèlman li dezire prensip ou yo tout tan.
21 Ou menase awogan modi yo,
Ki egare lwen kòmandman ou yo.
22 Retire lawont ak mepriz sou mwen!
Paske,
mwen kenbe temwayaj ou yo.
23 Chèf yo chita,
yo pale ansanm kont mwen,
Men,
sèvitè w ap medite prensip ou yo.
24 Temwayaj ou yo fè m plezi,
Se yo ki konseye mwen.
Dalèt
25 Nanm mwen kole ak pousyè:
Ban m lavi ak pawòl ou!
26 Mwen rakonte chemen m yo,
e ou reponn mwen:
Montre m prensip ou yo!
27 Fè m konprann chemen lòd ou yo,
M ap medite sou mèvèy ou yo!
28 Nanm mwen ap kriye akòz chagren:
Leve m daprè pawòl ou!
29 Fè m rete lwen chemen manti,
Fè m gras pou m suiv lalwa ou.
30 Mwen chwazi chemen fidelite,
Mwen mete prensip ou yo devan mwen.
31 Mwen atache ak temwayaj ou yo:
Letènèl,
pa kite m wont!
32 Mwen kouri nan chemen kòmandman ou yo,
Paske,
ou louvri lespri mwen.
He
33 Letènèl,
aprann mwen chemen prensip ou yo,
Pou m ka obsève l jiska lafen!
34 Fè m konprann pou m ka kenbe lalwa ou,
Pou m ka kenbe l ak tout kè m!
35 Kondui m nan chemen kòmandman ou yo!
Paske,
mwen pran plezi nan li.
36 Panche kè m bò kote temwayaj ou yo,
Olye move lajan!
37 Detounen je m pou m pa wè vanite,
Fè m viv nan chemen ou!
38 Akonpli pwomès ou pou sèvitè ou
Ki devwe pou moun ki gen krentif pou ou!
39 Fè lawont rete lwen mwen,
m pè sa!
Paske,
prensip ou yo bon.
40 Gade!
Mwen dezire lòd ou yo,
Ban m lavi nan jistis ou!
Vav
41 Letènèl,
se pou bonte ou vini sou mwen,
Se pou delivrans ou vini sou mwen,
daprè pwomès ou!
42 Konsa,
m a reponn moun k ap joure m yo,
Paske,
mwen mete konfyans mwen nan pawòl ou.
43 Pa retire pawòl verite nan bouch mwen nèt ale!
Paske,
mwen mete espwa m nan prensip ou yo.
44 M ap toujou respekte lalwa ou,
Pou le tan e letènite.
45 M ap mache alèz,
Paske m ap chèche lòd ou.
46 M ap pale de temwayaj ou yo devan wa,
Mwen p ap wont.
47 Mwen pran plezi nan kòmandman ou yo,
Mwen renmen yo.
48 Mwen leve men m bay kòmandman ou yo,
mwen renmen yo;
Mwen vle medite sou prensip ou yo.
Zayin
49 Sonje pawòl ou anfavè sèvitè ou,
Paske,
ou te ban m esperans ladan l!
50 Se konsolasyon m nan mizè m:
Pwomès ou ban m lavi.
51 Moun awogan ap pase m nan rizib anpil;
Mwen pa detounen m de lalwa ou.
52 Letènèl,
mwen sonje prensip ou yo nan tan lontan,
Mwen konsole m sou yo.
53 Yon gwo kòlè pran m,
lè m wè mechan yo,
Yo menm ki abandone lalwa ou.
54 Prensip ou yo se sijè chan mwen,
Nan kay kote m se etranje a.
55 O Letènèl,
pandan lannuit,
mwen sonje non ou,
Mwen respekte lalwa ou.
56 Se sa ki abitid mwen:
Mwen respekte lòd ou yo.
Hèt
57 Letènèl se pòsyon pa m nan,
Mwen te di m ap kenbe pawòl ou.
58 Ak tout kè m,
m ap soupriye w,
Gen pitye pou mwen daprè pwomès ou!
59 Mwen reflechi sou chemen m yo,
Mwen fè pye m pran direksyon temwayaj ou yo.
60 Mwen prese,
mwen pa pran tan,
Pou m kenbe kòmandman ou yo.
61 Kòd mechan yo sènen m;
Mwen pa bliye lalwa ou.
62 Nan mitan lannuit,
mwen leve pou m louwe ou,
Akòz jijman jistis ou yo.
63 Mwen zanmi tout moun ki gen krentif pou ou,
Moun ki kenbe lòd ou yo.
64 O Letènèl,
latè ranpli ak bonte ou;
Montre m prensip ou yo!
Tèt
65 O Letènèl,
ou fè sèvitè w dibyen,
Daprè pawòl ou.
66 Aprann mwen bon sans ak konesans!
Paske,
mwen kwè nan kòmandman ou yo.
67 Avan m te nan lafliksyon an,
mwen te egare;
Men,
kounye a,
m ap kenbe pawòl ou.
68 Ou bon,
ou fè sa ki byen;
Montre m prensip ou yo!
69 Awogan yo pentire m ak manti;
Mwen menm,
mwen obsève lòd ou ak tout kè m.
70 Kè yo ensansib tankou grès;
Men mwen,
mwen pran plezi m nan lalwa ou.
71 Se bon pou yo imilye m,
Pou m ka aprann prensip ou yo.
72 Lalwa ki soti nan bouch ou pi bon pou mwen
Pase mil pyès lò ak ajan.
Yòd
73 Se men w ki kreye m,
se yo ki fòme m.
Ban m bon konprann pou m ka aprann kòmandman ou yo!
74 Moun ki gen krentif pou ou yo wè m e yo rejwi,
Paske mwen mete espwa m nan pawòl ou.
75 Letènèl,
mwen konnen prensip ou yo jis,
Se akòz fidelite w,
ou te imilye m.
76 Se pou bonte w devni konsolasyon m,
Daprè pwomès ou fè sèvitè ou!
77 Se pou konpasyon ou vini sou mwen pou m ka viv!
Paske,
lalwa ou fè m plezi.
78 Se pou awogan k ap maltrete m san rezon yo wont;
Mwen,
m ap medite sou lòd ou yo.
79 Se pou moun ki gen krentif pou ou tounen vin jwenn ou,
Moun ki konnen temwayaj ou yo!
80 Se pou kè m san repwòch nan prensip ou yo,
Pou m pa kouvri ak lawont!
Kaf
81 Nanm mwen anvi delivrans ou,
Mwen mete espwa mwen nan pawòl ou.
82 Je m anvi wè pwomès ou yo;
Mwen di:
Kilè w a konsole m?
83 Mwen tankou yon veso an po nan lafimen;
Mwen pa bliye prensip ou yo.
84 Konbyen jou sèvitè ou yo ye?
Kilè w ap egzekite jijman sou moun k ap pousuiv mwen?
85 Awogan yo fouye twou devan m,
Yo pa aji daprè lalwa ou.
86 Tout kòmandman w yo fidèl,
Men,
y ap pèsekite m san rezon.
Ede m!
87 Yo te prèske fini avè m sou latè,
Men mwen,
mwen pa abandone lòd ou yo.
88 Fè m viv daprè bonte ou,
Pou m kenbe temwayaj bouch ou!
Lamèd
89 O Letènèl,
pawòl ou kanpe nan syèl la,
Pou tout tan.
90 Fidelite ou rete jenerasyon apre jenerasyon,
Ou tabli latè e li kanpe.
91 Se daprè prensip ou tout bagay kanpe jodi a.
Paske yo tout la pou sèvi ou.
92 Si m pa t pran plezi nan lalwa ou,
Mwen t ap peri nan mizè mwen.
93 Mwen p ap janm bliye lòd ou yo,
Paske,
se nan yo menm ou ban m lavi.
94 Sove m!
Paske,
mwen se pou ou.
M ap chèche lòd ou yo.
95 Mechan ap tann pou detui m;
Mwen fè atansyon a temwayaj ou yo.
96 Mwen wè limit tout sa ki san defo,
Men,
kòmandman ou laj san limit.
Mèm
97 Ala renmen mwen renmen lalwa ou!
Se li ki sijè meditasyon m chak jou.
98 Kòmandman m yo fè m pi saj pase lènmi m yo,
Paske,
mwen toujou genyen yo avè m.
99 Mwen pi saj pase tout mèt mwen yo,
Paske,
temwayaj ou yo se meditasyon m.
100 Mwen gen plis konprann pase vyeya yo,
Paske,
mwen obsève lòd ou yo.
101 Mwen kenbe pye m lwen tout move chemen,
Pou m ka kenbe pawòl ou.
102 Mwen pa vire do bay prensip ou yo,
Paske,
se ou menm ki aprann mwen.
103 Ala dous pawòl ou dous nan bouch mwen!
Li pi dous pase myèl nan bouch mwen.
104 Ak lòd ou,
ou ban m bon konprann;
Se poutèt sa mwen rayi tout chemen manti.
Noun
105 Pawòl ou se yon lanp pou pye m,
Yon limyè sou chemen m.
106 Mwen sèmante e m ap kenbe l,
Pou m kenbe prensip jistis ou yo.
107 Mwen aflije anpil;
Letènèl,
ban m lavi daprè pawòl ou!
108 Letènèl,
tanpri,
aksepte ofrann bòn volonte mwen te pwomèt la!
Montre m prensip ou yo!
109 Lavi m toujou ekspoze;
Men,
mwen pa bliye lalwa ou.
110 Mechan tann pyèj pou mwen;
Men,
mwen pa egare lwen lòd ou yo.
111 Mwen eritye temwayaj ou pou letènite,
Paske,
yo se lajwa kè mwen.
112 Mwen pare kè m pou m pratike prensip ou,
Tout tan,
jiska lafen.
Samek
113 Mwen rayi moun ki aji ak de kè,
Men,
mwen renmen lalwa ou.
114 Ou se refij mwen ak boukliye mwen;
Mwen mete espwa mwen nan pawòl ou.
115 Retire nou bò kote m,
bann mechan,
Pou m ka obsève kòmandman Bondye m nan!
116 Soutni mwen daprè pwomès ou pou m ka viv;
Pa kite m kouvri ak lawont nan espwa mwen!
117 Soutni m pou m ka delivre,
Pou m toujou obsève prensip ou yo!
118 Ou meprize tout moun ki vire do bay prensip ou,
Paske trayizon yo se manti.
119 Ou retire tout mechan sou latè tankou lawouy;
Se poutèt sa mwen renmen temwayaj ou yo.
120 Latèrè ou fè kò mwen ap tranble,
Mwen gen krentif pou prensip ou yo.
Ayenn
121 Mwen obsève prensip ak jistis,
Pa livre m bay moun k ap peze m yo!
122 Reponn pou pwoteje byen sèvitè ou,
Pa kite awogan yo peze m!
123 Je m anvi wè delivrans ou,
Nan tann pwomès jistis ou.
124 Daprè bonte ou,
aji byen ak sèvitè w;
Montre m prensip ou yo!
125 Mwen se sèvitè ou.
Ban m bon konprann,
Pou m ka konnen temwayaj ou yo!
126 Li lè pou Letènèl aji,
Y ap vyole lalwa ou.
127 Se poutèt sa mwen renmen kòmandman ou yo,
Plis pase lò,
plis pase lò fen.
128 Se poutèt sa mwen twouve tout lòd ou yo jis,
Mwen rayi tout chemen manti.
Pe
129 Temwayaj ou yo mèvèye,
Se poutèt sa nanm mwen obsève yo.
130 Pòt pawòl ou louvri limyè,
Li bay moun san konprann yo bon konprann.
131 Mwen louvri bouch mwen epi m ap tann anpil,
Paske,
mwen anvi kòmandman ou yo.
132 Vire gade m,
gen pitye pou mwen
Daprè jan ou konn fè l pou moun ki renmen non ou!
133 Fè pye m vin fèm nan pawòl ou,
Pa kite okenn inikite domine sou mwen!
134 Delivre m anba moun k ap peze m,
Pou m ka respekte lòd ou!
135 Fè fas ou klere sou sèvitè ou,
Aprann mwen prensip ou yo!
136 Je m ap koule rivyè dlo,
Paske yo pa respekte lalwa ou.
Tsade
137 O Letènèl,
ou jis!
Prensip ou dwat.
138 Ou tabli temwayaj ou avèk jistis,
Yo fidèl anpil.
139 Jalouzi ap boule m,
Paske,
advèsè m yo bliye pawòl ou yo.
140 Pawòl ou rafine nèt ale,
Se poutèt sa sèvitè w renmen l.
141 Mwen piti,
yo meprize m,
Men,
mwen pa bliye lòd ou.
142 Jistis ou se yon jistis etènèl,
Lalwa ou se laverite.
143 Detrès ak difikilte te jwenn mwen.
Men,
kòmandman ou yo fè m plezi.
144 Temwayaj ou yo jis pou letènite,
Ban m bon konprann pou m ka viv!
Kòf
145 M ap envoke ou ak tout kè m:
reponn mwen,
Letènèl!
M ap obsève prensip ou yo!
146 M ap rele ou,
sove m
Pou m ka kenbe temwayaj ou yo!
147 Mwen leve anvan solèy leve,
Mwen mete espwa m nan pwomès ou.
148 Je m ret louvri pandan lannuit,
Pou m medite sou pwomès ou.
149 Tande vwa mwen daprè bonte ou!
Letènèl,
fè m viv daprè prensip ou yo!
150 Moun k ap chèche fè krim yo ap pwoche,
Yo rete lwen lalwa ou.
151 Ou pre,
Letènèl!
Tout kòmandman ou yo se verite.
152 Depi lontan temwayaj ou yo te aprann mwen
Ou te tabli yo pou letènite.
Rèch
153 Gade mizè mwen,
delivre m!
Paske,
mwen pa bliye lalwa ou.
154 Defann kòz mwen,
delivre m;
Ban m lavi daprè pawòl ou!
155 Delivrans rete lwen mechan yo,
Paske yo pa chèche prensip ou yo.
156 Letènèl,
konpasyon ou gran!
Ban m lavi daprè prensip ou yo!
157 Moun k ap pèsekite m yo ak advèsè m yo anpil;
Men,
mwen pa vire do bay temwayaj ou yo.
158 Se avèk degoutans mwen gade trèt yo,
Paske yo pa kenbe pawòl ou.
159 Gade jan mwen renmen lòd ou;
Letènèl,
ban m lavi daprè bonte ou!
160 Depi nan kòmansman l,
pawòl ou se verite;
Tout lalwa jistis ou la pou letènite.
Chin
161 Chèf ap pèsekite m san rezon;
Men,
se pawòl ou ki fè kè m tranble.
162 Mwen rejwi anpil nan pwomès ou,
Tankou yon moun ki jwenn yon gwo trezò nan lagè.
163 Mwen rayi,
mwen deteste manti;
Men,
mwen renmen lalwa ou.
164 M ap louwe ou sèt fwa pa jou,
Akòz prensip jistis ou.
165 Moun ki renmen lalwa ou gen gran lapè,
Anyen p ap fè yo bite.
166 O Letènèl,
mwen mete espwa mwen nan delivrans ou!
Mwen obsève kòmandman ou yo.
167 Nanm mwen kenbe temwayaj ou yo,
Mwen renmen yo anpil.
168 Mwen respekte lòd ak temwayaj ou yo,
Paske,
tout chemen m yo devan ou.
Tav
169 O Letènèl,
kite kri mwen rive devan ou!
Ban m bon konprann daprè pawòl ou!
170 Kite priyè m rive devan ou!
Delivre m daprè pawòl ou!
171 Se pou bouch mwen pibliye lwanj ou!
Paske,
ou aprann mwen prensip ou yo.
172 Se pou lang mwen chante pawòl ou!
Paske,
tout kòmandman ou yo jis.
173 Se pou men ou vin ede m!
Paske,
mwen chwazi lòd ou.
174 O Letènèl,
mwen anvi delivrans ou!
Lalwa ou fè m plezi.
175 Se pou nanm mwen viv,
se pou l louwe ou!
Se pou prensip ou yo soutni mwen!
176 Mwen egare tankou yon mouton ki pèdi;
Chèche sèvitè ou!
Paske,
mwen pa bliye kòmandman ou yo.