Di Letènèl mèsi
118
Louwe Letènèl,
paske li bon!
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
2 Se pou Izrayèl di:
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
3 Se pou moun lakay Aawon di:
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
4 Se pou moun ke gen krentif pou Letènèl di:
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
 
5 Nan mitan detrès mwen,
mwen envoke Letènèl;
Li reponn mwen,
li mete m deyò.
6 Letènèl pou mwen:
mwen pa pè anyen.
Kisa Lèzòm ka fè m?
7 Letènèl se sekou mwen,
Mwen pran plezi gade lènmi m yo.
8 Li pi bon pou w chèche refij nan Letènèl,
Pase pou ta mete konfyans ou nan lòm.
9 Li pi bon pou w chèche refij nan Letènèl,
Pase pou w ta mete konfyans w nan notab yo.
 
10 Tout nasyon yo fè laviwonn mwen:
Nan non Letènèl,
mwen detui yo.
11 Yo fè laviwonn mwen,
yo vlope m,
Nan non Letènèl,
mwen detui yo.
12 Yo fè laviwonn mwen tankou myèl,
Yo etenn tankou dife pikan.
Nan non Letènèl,
mwen detui yo.
13 Ou pouse m fò pou w fè m tonbe,
Men,
Letènèl pote m sekou.
14 Letènèl se fòs mwen,
li se chan mwen;
Se li ki devni delivrans mwen.
 
15 Kri rejwisans ak delivrans monte soti nan tant jis yo,
Men dwat Letènèl montre pisans li.
16 Men dwat Letènèl egzalte,
Men dwat Letènèl montre pisans li.
 
17 Mwen p ap mouri,
m ap viv;
E m ap rakonte zèv Letènèl yo.
18 Letènèl korije m di,
Men,
li pa t livre m bay lanmò.
19 Louvri pòtay jistis yo pou mwen,
M ap antre epi m ap louwe Letènèl.
20 Sa a se pòtay Letènèl la;
Se ladan jis yo antre.
21 M ap louwe ou,
paske ou reponn mwen,
Paske ou devni delivrans mwen.
 
22 Wòch moun ki t ap bati yo jete a,
Se li ki vin wòch prensipal la,
wòch kwen an.
23 Sa se travay Letènèl,
E se yon mèvèy nan je nou.
24 Sa se jou Letènèl fè a,
Annou rejwi,
annou kontan ladan l,
 
25 Tanpri Letènèl,
delivre non!
Tanpri Letènèl,
fè nou reyisi!
26 Benediksyon pou moun k ap vini nan non Letènèl,
Nou beni w,
depi nan kay Letènèl la.
27 Letènèl se Bondye,
li klere nou.
Mare bèt pou sakrifis la ak kòd,
Mennen l jis bò kòn lotèl la.
28 Ou se Bondye mwen,
m ap louwe ou.
Bondye mwen,
m ap egzalte ou.
29 Louwe Letènèl,
paske li bon.
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini.