Se Letènèl ki beni lòm
128
Kantik eskalye yo.
Benediksyon pou tout moun ki gen krentif pou Letènèl,
Ki mache nan chemen l yo!
2 Ou jwi travay men ou,
Ou kontan,
e ou byen.
3 Madanm ou ap tankou yon pye rezen ki donnen
Anndan lakay ou.
Pitit ou yo ap tankou boujon pye oliv
Toutotou tab ou.
 
4 Se konsa moun sa a beni,
Moun ki gen krentif pou Letènèl.
5 Letènèl ap beni w depi nan Siyon,
Ou ap wè bonè Jerizalèm
Chak jou nan lavi w.
6 Ou ap wè pitit pitit ou.
Se pou lapè rete sou Izrayèl!