Se pou lènmi w yo wont
129
Kantik eskalye yo.
Yo atake m anpil depi lè m te jèn;
–Se pou Izrayèl di sa–
2 Yo atake m anpil depi lè m te jèn,
Men,
yo pat pi fò pase m.
3 Moun k ap laboure,
laboure do m,
Yo trase siyon yo long.
4 Letènèl jis,
Li koupe kòd mechan yo.
 
5 Tout moun ki rayi Siyon,
Se pou yo wont,
se pou yo fè bak!
6 Se pou yo tankou zèb sou do kay
Ki seche anvan yo rache yo!
7 Moun k ap rekòlte a pa ka plen men l ak yo,
Li pa mare pake yo sou bra li.
8 Se pou moun k ap pase yo pa di:
Se pou benediksyon Letènèl rete sou nou!
Nou beni w nan non Letènèl!