Gen Bonte bò kote Bondye
130
Kantik eskalye yo.
Depi nan fon labim,
Mwen envoke ou,
Letènèl.
2 Senyè,
tande vwa mwen!
Pare zòrèy ou
Pou tande son plent mwen yo!
3 Senyè,
Letènèl,
si pou w ta konte inikite,
Ki moun ki t ap ka kanpe?
4 Men,
gen padon bò kote w,
Pou moun ka gen krentif pou ou.
5 Mwen met espwa m nan Letènèl,
nanm mwen gen espwa;
M ap tann pwomès li.
6 Nanm mwen konte sou Senyè a,
Plis pase gad yo konte sou maten,
Wi,
plis pase gad yo konte sou maten.
7 Izrayèl,
mete espwa ou nan Senyè a!
Paske,
se bò kote Letènèl bonte ye;
Gen anpil delivrans bò kote li.
8 Se li menm k ap rachte Izrayèl,
Nan tout inikite l yo.