Mete espwa ou nan Letènèl
131
Kantik eskalye yo.
Yon sòm David.
Letènèl,
mwen pa gen kè anfle,
ni je awogan;
Mwen pa okipe m de bagay ki twò gran,
bagay ki twò difisil pou mwen.
2 Jamè!
Mwen fè nanm mwen kalm e trankil,
Tankou yon timoun sevre ki bò kote manman l.
Nanm mwen tankou yon timoun sevre.
 
3 Izrayèl,
mete espwa ou nan Letènèl,
Depi kounye a ak pou tout tan!