Bondye chwazi Siyon
132
Kantik eskalye yo.
Letènèl,
sonje David!
Sonje tout lapenn li yo.
2 Li te fè sèman bay Letènèl,
Li te fè ve bay Bondye pisan Jakòb la.
3 Mwen p ap antre nan tant m abite a,
Mwen p ap monte sou kabann mwen dòmi an.
4 Mwen p ap bay je m somèy,
Ni mwen p ap bay po je m lasoupi,
5 Jiskaske mwen jwenn yon plas pou Letènèl,
Yon kote pou Bondye pisan Jakòb la.
 
6 Gade!
Nou te tande pale de sa nan Efrata,
Nou te jwenn li nan savann Jaa yo.
7 Ann ale nan tabènak li,
Annou koube devan machpye li.
8 Leve non,
Letènèl,
vin nan plas repo ou,
Ou menm ak lach pisans ou!
9 Se pou sakrifikatè yo abiye ak jistis,
Se pou fidèl ou yo fè gwo bri kontantman!
10 Poutèt David,
sèvitè ou,
Pa repouse moun ou chwazi a!
 
11 Letènèl te fè yon sèman laverite bay David:
Li p ap tounen sou li,
M ap mete yon fwi zantray li sou twòn ou.
12 Si pitit ou yo respekte alyans mwen
Ak temwayaj m ap aprann yo,
Pitit pa yo ap chita sou twòn ou pou tout tan.
 
13 Paske,
Letènèl te chwazi Siyon,
Li dezire l kòm kay li;
14 Sa a se plas repo mwen pou tout tan,
Se la m ap abite,
Paske mwen dezire li.
15 M ap beni manje l yo,
M ap fè pòv li yo rasazye ak pen.
16 M ap abiye sakrifikatè l yo tou ak delivrans,
Fidèl li yo va fè gwo bri kontantman.
17 Se la m ap fè pisans David jèmen,
M ap prepare yon lanp pou moun mwen chwazi a.
18 M ap abiye lènmi l yo ak lawont,
Men,
kouwòn li ap klere sou li.