Li bon pou frè abite ansanm
133
Kantik eskalye yo.
Yon sòm David.
Gade!
Ala bon,
ala dous lè frè viv ansanm nan linite!
2 Se tankou pi bon luil la ki sou tèt Aawon,
Ki desann sou bab li,
sou bab Aawon,
Ki desann sou bò rad li.
3 Se tankou lawouze Èmon an,
Ki desann sou mòn Siyon;
Paske,
se la Letènèl voye benediksyon,
Lavi pou letènite.