Beni Letènèl
134
Kantik eskalye yo.
Gade!
Beni Letènèl,
nou tout sèvitè Letènèl
Ki kanpe nan kay Letènèl la pandan nuit yo!
2 Leve men nou nan direksyon lye sen an,
Beni Letènèl!
3 Se pou Letènèl beni w depi Siyon,
Li menm ki fè syèl la ak tè a!