Letènèl gran
135
Louwe Letènèl!
Louwe non Letènèl!
Louwe,
sèvitè Letènèl,
2 Nou menm ki kanpe nan kay Letènèl,
Nan lakou kay Bondye nou an!
3 Louwe Letènèl!
Paske,
li bon;
Jwe mizik non li!
Paske,
li favorab.
4 Paske,
Letènèl te chwazi Jakòb pou li,
Izrayèl pou byen pa li.
 
5 Mwen konnen Letènèl gran,
Mwen konnen Letènèl nou an sou tèt tout dye.
6 Tout sa Letènèl vle,
li fè l
Nan syèl tankou sou latè,
Nan lanmè tankou nan tout labim.
7 Li fè nyaj monte nan denye bout latè,
Li fè zeklè ak lapli,
Li rale van an nan trezò li.
 
8 Li frape premye pitit Lejip yo,
Soti nan moun rive nan bèt.
9 Lejip,
li voye siy ak mirak nan mitan w,
Kont Farawon ak sèvitè l yo.
10 Li frape anpil nasyon;
Li tiye wa pisan:
11 Siyon,
wa moun Amori yo,
Òg,
wa Bazan,
Tout wa Kanaan yo.
12 Li bay peyi yo kòm eritaj,
Li bay Izrayèl,
pèp li,
peyi yo kòm eritaj.
 
13 Letènèl,
non ou ap la pou tout tan,
Letènèl,
y ap sonje ou jenerasyon apre jenerasyon.
14 Letènèl ap jije pèp li a,
L ap gen konpasyon pou sèvitè l yo.
15 Zidòl nasyon yo se ajan ak lò,
Travay men lòm.
16 Yo gen bouch,
men yo pa pale;
Yo gen je,
men yo pa wè.
17 Yo gen zòrèy,
men yo pa tande;
Yo pa gen souf nan bouch yo.
18 Moun ki fabrike yo sanble ak yo,
Tout moun ki mete konfyans nan yo,
se konsa yo ye.
 
19 Moun kay Izrayèl,
beni Letènèl!
Moun kay Aawon,
beni Letènèl!
20 Moun kay Levi,
beni Letènèl!
Nou menm ki gen krentif pou Letènèl,
beni Letènèl!
21 Beniswa Letènèl depi Siyon,
Li menm ki abite Jerizalèm!
Louwe Letènèl!