Louwe Letènèl pou bonte li
136
Louwe Letènèl,
paske li bon;
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
2 Louwe Bondye tout dye yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
3 Louwe Senyè tout senyè yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
4 Li menm sèl ki fè gran mèvèy,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
5 Li menm ki fè syèl la ak entèlijans,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
6 Li menm ki etann latè sou dlo yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
7 Li menm ki fè gwo limyè yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
8 Solèy pou gouvène lajounen,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
9 Lalin ak zetwal pou gouvène lannuit,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
10 Li menm ki frape Ejipsyen yo lè l tiye premye pitit yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
11 Li fè Izrayèl soti nan mitan yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
12 Ak men pisan ak fòs ponyèt li,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
13 Li menm ki koupe Lanmè Wouj an de,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
14 Li fè Izrayèl pase nan mitan Lanmè Wouj,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
15 Li menm ki voye Farawon ak lame li nan jete Lanmè Wouj,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
16 Li menm ki kondui pèp li nan dezè a,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
17 Li menm ki frape gran wa,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
18 Ki tiye wa ki gen pisans,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
19 Siyon,
wa moun Amori yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
20 Òg,
wa Bazan an,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
21 Li bay peyi yo kòm eritaj,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
22 Li bay Izrayèl,
sèvitè li,
peyi yo kòm eritaj.
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
23 Li menm ki te sonje nou lè yo te imilye nou,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
24 Li menm ki delivre nou anba advèsè nou yo,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
25 Li menm ki bay tout kreyati manje,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!
26 Louwe Bondye syèl la,
Wi,
mizerikòd li p ap janm fini!