N ap beni Letènèl
115
Se pa pou nou,
Letènèl!
Se pa nou!
Men,
se non ou pou w bay glwa,
Akòz bonte ou,
akòz fidelite ou.
 
2 Poukisa pou nasyon yo ta di:
Bon,
kote Bondye yo a?
3 Bondye nou an nan syèl,
Li fè tout sa li vle.
4 Zidòl yo se ajan ak lò,
Se travay lòm fè ak men.
5 Yo gen bouch,
men yo pa pale;
Yo gen je,
men yo pa wè.
6 Yo gen zòrèy,
men yo pa tande;
Yo gen nen,
men yo pa pran sant anyen.
7 Yo gen men,
men yo pa manyen;
Yo gen pye,
men yo pa mache;
Yo pa fè okenn bri nan gòj yo.
8 Moun ki fabrike yo sanble ak yo,
Ak tout moun ki mete konfyans nan yo.
 
9 Izrayèl,
mete konfyans ou nan Letènèl!
Li se sekou yo,
li se boukliye yo.
10 Moun kay Aawon,
mete konfyans nou nan Letènèl!
Li se sekou yo,
li se boukliye yo.
11 Nou menm ki gen krentif pou Letènèl,
mete konfyans nou nan Letènèl!
Li se sekou yo,
li se boukliye yo.
 
12 Letènèl sonje nou,
l ap beni.
L ap beni moun kay Izrayèl,
L ap beni moun kay Aawon.
13 L ap beni moun ki gen krentif pou Letènèl,
Piti kou gran.
14 Letènèl ap miltipliye nou,
Nou menm ak pitit nou yo.
15 Se pou Letènèl beni nou,
Li menm ki kreye syèl la ak tè a!
 
16 Syèl la se syèl Letènèl,
Men,
li bay pitit lòm yo latè.
17 Se pa mò yo ki louwe Letènèl,
Se pa pèsonn ki desann kote ki fè silans lan.
18 Men,
nou menm,
n ap beni Letènèl,
Depi kounye a ak pou tout tan.
Louwe Letènèl!