Letènèl delivre nanm mwen anba lanmò
116
Mwen renmen Letènèl,
Paske li tande vwa m,
priyè m yo.
2 Paske li panche zòrèy li bò kote m,
M ap envoke l pandan tout lavi m.
3 Kòd lanmò te vlope m,
Latèrè peyi-mò te jwenn mwen.
Mwen jwenn detrès ak chagren.
4 Men,
mwen envoke non Letènèl:
O Letènèl,
sove nanm mwen!
5 Letènèl fè gras,
li jis,
Bondye nou an plen konpasyon.
6 Letènèl pwoteje inosan yo,
Mwen te febli,
men li sove m.
7 Nanm mwen,
retounen nan repo w,
Paske,
Letènèl fè w dibyen.
8 Wi,
ou delivre nanm mwen anba lanmò,
Ou delivre je anba dlo je,
Ou delivre pye m pou l pa tonbe.
9 M ap mache devan Letènèl,
Sou tè moun vivan yo.
10 Mwen te gen konfyans,
lè m te di:
Mwen malere anpil.
11 Nan tèt chaje mwen,
mwen te di:
Tout moun se mantè.
12 Kòman pou m ta remèt Letènèl
Tout byenfè li yo pou mwen?
13 M ap leve gode delivrans lan,
M ap envoke non Letènèl.
14 M ap respekte ve mwen te fè Letènèl
Devan tout pèp li a.
15 Lanmò moun ki renmen Letènèl
Gen valè nan je li.
16 Tande m,
Letènèl,
paske mwen se sèvitè ou,
Sèvitè w,
pitit sèvant ou;
Ou lage kòd mwen yo.
17 M ap ofri sakrifis remèsiman,
M ap envoke non Letènèl.
18 M ap respekte ve mwen te fè Letènèl
Devan tout pèp li a,
19 Nan lakou kay Letènèl la,
Nan mitan ou,
Jerizalèm!
Louwe Letènèl!