Nou te peche
106
Louwe Letènèl!
Selebre Letènèl,
paske li bon.
Mizerikòd li p ap janm fini.
2 Kilès k ap anonse mèvèy Letènèl yo?
Kilès k ap fè konnen tout lwanj li?
3 Benediksyon pou moun ki kenbe jijman l yo.
Ki pratike lajistis tout tan.
 
4 Letènèl,
sonje m nan favè ou fè pèp ou,
Vizite m ak delivrans ou,
5 Pou m ka wè bonè moun ou chwazi yo,
Pou m ka rejwi nan kontantman nasyon ou,
Pou m ka fyè ansanm ak eritaj ou a.
6 Nou peche tankou zansèt nou yo.
Nou komèt inikite,
nou fè sa ki mal.
7 Lè paran nou te nan peyi Lejip,
yo pa t okipe mèvèy ou yo,
Yo pa t sonje labondans favè ou yo;
Men yo te fè rebèl bò lanmè a,
bò lanmè Wouj.
8 Men,
Bondye sove yo poutèt non li,
Pou l fè konnen pisans li.
9 Li menase lanmè Wouj,
epi li seche;
Li fè yo mache nan labim,
tankou nan yon dezè.
10 Li sove yo anba men sila a ki te rayi yo,
Li delivre yo anba men lènmi an.
11 Dlo yo te kouvri advèsè yo;
Menm youn nan yo pa t rete.
12 Epi yo te kwè nan pawòl Letènèl yo,
Yo chante lwanj li.
 
13 Men,
yo te bliye zèv li yo vit,
Yo pa t tann plan li.
14 Yo te plen ak move lanvi nan dezè a,
Yo te tante Bondye nan tè dezole a.
15 Letènèl ba yo sa yo te mande,
Epi li voye maladi deperisman nan mitan yo.
16 Yo te rayi sò Moyiz nan kan an,
Sò Aawon,
sila ki te apa pou Letènèl la.
17 Latè te louvri,
li anglouti Datan,
Latè te fèmen sou gwoup Abiram yo.
18 Dife te limen sou gwoup la,
Flanm dife te boule mechan yo.
 
19 Yo fabrike yon jèn towo bèf nan Orèb,
Yo koube devan yon imaj an metal dife fonn.
20 Yo chanje glwa yo
Pou imaj yon bèf ki manje zèb.
21 Yo bliye Bondye,
sovè yo,
Ki te fè gwo bagay ann Ejip,
22 Mirak nan peyi Kam nan,
Bagay terib tou pre lanmè wouj.
23 Li te pale pou l detui yo,
Men,
Moyiz moun li chwazi a,
te kanpe fèm devan li,
Pou detounen kòlè l epi anpeche l detui yo.
 
24 Yo te meprize peyi plezi a,
Yo pa t kwè nan pawòl li.
25 Yo t ap bougonnen nan tant yo,
Yo pa t obeyi vwa Letènèl.
26 Li leve men pou l sèmante l kont yo,
Pou l fè yo tonbe nan dezè a,
27 Pou l fè desandans yo tonbe pami nasyon yo,
Pou l dispèse yo nan peyi yo.
28 Yo te atache ak Baal Peyò;
Yo manje vyann sakrifye pou mò.
29 Yo pwovoke Letènèl ak aksyon yo,
Epi yon maladi eklate nan mitan yo.
30 Fineas te kanpe pou l aji,
Epi maladi a te sispann.
31 Bondye te konsidere sa kòm jistis pou li,
Jenerasyon apre jenerasyon,
pou tout tan.
 
32 Yo te pwokove Letènèl bò dlo Meriba yo,
Malè te rive Moyiz akòz yo menm.
33 Paske,
yo t ap fè rebèl kont lespri li,
Konsa,
Moyiz te pale rèd ak bouch li.
34 Yo pa t detui pèp yo,
Jan Letènèl te di yo a.
35 Men,
yo te melanje ak nasyon yo,
Yo aprann koutim yo.
36 Yo sèvi zidòl yo,
Yo te devni yon pyèj pou yo.
37 Yo sakrifye pitit gason yo
Ak pitit fi yo bay demon.
38 Yo vèse san moun ki inosan,
San pitit gason ak pitit fi yo;
Yo sakrifye yo bay zidòl Kanaan yo,
Yo pwofane peyi a ak san.
39 Yo te sal tèt yo nan pwòp aksyon yo,
Yo aji kòm pwostitiye nan pwòp zak yo.
 
40 Kòlè Letènèl te limen kont pèp li,
Li te vin rayi eritaj li.
41 Li livre yo nan men nasyon yo,
Moun ki te rayi yo domine sou yo.
42 Lènmi yo te peze yo,
Yo te imilye anba men yo.
43 Li delivre yo plizyè fwa,
Men,
yo fè rebèl kont li nan dezobeyisans yo,
Yo plonje nan inikite yo.
 
44 Men,
li te wè yo nan detrès yo,
Lè li te tande kri yo.
45 Li sonje alyans li avèk yo,
Li te gen pitye daprè gran bonte li.
46 Li te fè yo jwenn favè
Devan moun ki fè yo prizonye.
 
47 Sove nou,
Letènèl,
Bondye nou!
Rasanble nou nan mitan nasyon yo
Pou nou ka louwe non ou ki sen,
Pou nou ka fyè nan fè lwanj ou.
48 Beniswa Letènèl,
Bondye Izrayèl la,
depi tout tan ak pou tout tan.
Se pou tout pèp la di:
Amèn!
Louwe Letènèl!